Fich Pratik Dwa Lafanmi

Le prix initial était : G1,500.00.Le prix actuel est : G1,000.00.

Catégorie :

🔥Lè w konn Dwa w, ou ka pi byen pwoteje fanmi w.

 

❓Èske w konn ki sa lalwa di sou fiyansay, maryaj, divòs, oubyen fason pou separe eritaj san goumen?

 

⚠️ Anpil fwa nou pèdi dwa nou oswa nou antre nan gwo tèt chaje jis paske nou pa gen bon enfòmasyon an nan men nou.

 

☀️ Jodi a, m pote pou ou yon gid pratik ki vin chanje sa nèt:

 

📘 Fich Pratik Dwa Lafanmi (Edisyon Jiyè 2026)!

 

👉 Poukisa ou DWE gen ti liv sa a nan men w?

 

🧠 Yon langaj ki senp, li ekri nan lang manman w (Kreyòl) ak eksplikasyon ki klè, san gwo mo konplike.

 

⚖️ Egzat epi Legal: Li baze sou konstitisyon an, Kòd Sivil la, Kòd Penal la ak dènye lwa yo tankou (Dekrè 8 Oktòb 1982 a ki retire diskriminasyon ant fanm ak gason ak Lwa 2014 la sou Patènite ak Filyasyon ki bay tout pitit menm dwa, Elatriye.)

 

🛡️ Pwoteksyon pou fanmi w: Konprann byen kondisyon maryaj, rejim pwopriyete oswa rejim maryaj (byen ki pou ni madanm ak mari a ansanm oswa sa ki separe), otorite sou timoun, ak pansyon alimantè kiyès ki ka reklame nan men kiyès nan fanmi an (Mari, Madanm, Pitit, Papa, Manman, Bèlmè, Bèlfi, Bòpè, Bofi.)

 

♻️ Chak sa ki di nan dokiman an gen yon Atik Referans ki anbal pou ede w konfime ak elaji konesans ou byen rapid: Zouti ideyal pou etidyan ak pou tout moun ki vle konnen dwa yo kit ( (Mari, Madanm, Pitit, Papa, Manman, Bèlmè, Bèlfi, Bòpè, Bofi.), oswa pou nenpòt lòt moun k ap prepare yon desizyon enpòtan nan lavi l.

 

💡Konesans se pi bon pwoteksyon w avan ou pran nenpòt desizyon legal!

 

📍 MEN TOUT GRAN PWEN W AP JWENN KI DEVLOPE ANNDAN DOKIMAN SA:

 

SOMÈ

ENTWODIKSYON

 

CHAPIT 1: FIYANSAY AK MARYAJ

I. Fiyansay yo (Les Fiançailles)

1. Definisyon ak Nati Jiridik

2. Reparasyon si gen domaj

II. Kondisyon ki dwe respekte pou Moun Marye (Kondisyon de Fon)

1. Laj Legal

2. Konsantman

3. Absans yon lòt maryaj (Entèdiksyon Bigami)

4. Entèdiksyon pou Ensès

III. Fòmalite Maryaj la (Kondisyon de Fòm)

1. Piblikasyon yo

2. Seremoni Piblik

IV. Obligasyon Maryaj (Les Obligations du Mariage)

1. Devwa resipwòk ant konjwen yo (Les devoirs réciproques)

2. Kontribisyon nan Chaj Fanmi an (Contribution aux charges du mariage)

 

CHAPIT 2: REJIM MATRIMONYAL YO AK KONTRA MARYAJ

1. Rejim Kominote Legal

2. Rejim Separasyon Byen (Séparation de biens)

 

CHAPIT 3: FILYASYON AK DWA TIMOUN (LWA 2014)

I. Egalite Timoun yo

II. Fason Filyasyon an etabli

1. Matènite

2. Prezonpsyon Patènite nan Maryaj

3. Rekonesans Volontè

III. Aksyon nan Tribinal pou Chèche Paran

 

CHAPIT 4: OTORITE PARANTAL, GAD TIMOUN (GARDE ENFANT) AK PANSYON ALIMANTÈ

I. Otorite Parantal

II. Gad Timoun (Garde des enfants)

1. Prensip Siperyè Enterè Timoun lan

2. Atribisyon Gad la (Attribution de la garde)

3. Dwa Vizit ak Ebèjman

III. Obligasyon ak Pansyon Alimantè

1. Devwa Paran yo

2. Kritè Kalkil Pansyon an

3. Devwa Resipwòk Pitit anvè Paran

 

CHAPIT 5: DISOLISYON MARYAJ LA (DIVÒS AK SEPARASYON)

I. Koz Legal pou Divòs yo

II. Efè Divòs la

1. Sou konjwen yo

2. Sou timoun yo

 

CHAPIT 6: MARYAJ PITATIF (LE MARIAGE PUTATIF)

1. Ki sa ki yon Maryaj Pitatif?

2. Prensipal Efè Maryaj Pitatif la

 

CHAPIT 7: ERITAJ AK SIKSESYON NAN FANMI AN

1. Prensip Egalite nan Eritaj

2. Dwa Konjwen ki Vivan an (Conjoint Survivant)

REFERANS

I. Textes constitutionnels et Codes

II. Lois et Décrets

 

👌 Se yon dokiman ki byen prepare, ou ka konsève l sou telefòn sou fòma PDF, oswa ou kale ale nan nenpòt Milti-Sèvis pou w enprime l sou papye.

 

📲 Kòman pou w jwenn pa w la konnya?

 

🛒 Vizite sit entènèt www.biplex.co/docs pou w ka telechaje kopi pa w la sou fòma PDF nan kèk segonn sèlman!

Oswa antre sou WhatsApp la

https://wa.me/50936703536

 

🎖️Pou konnya w ap peye l sèlman 1000 Goud, men pri sa fikse pou yon dire ki limite.

 

📩 Lè w fin achte dokiman si gen yon bagay sou Dwa Fanmi Ayisyen ou te panse w ap jwenn ou pa jwenn li, ekri sou WhatsApp la poze kesyon ou genyen an!